Zea Ayiti se yon estrikti sosyokiltirèl ki angaje l nan valorizasyon talan, kreyasyon, kilti epi sosyete ayisyen an. Nou kwè ledikasyon ak lakilti se de pilye fondamantal pou yon chanjman naratif dirab ak bon jan konstriksyon pou demen. Objektif nou se simen semans limyè pou chanjman n ap travay pou nou wè a, atravè fòmasyon, paske chak talan merite yon chimen pou l grandi; kanpay edikatif ak kiltirèl pou sansibilize, enfòme ak transmèt; ansanm ak aktivite sosyokiltirèl kote kominote a fè yon sèl. Vin ajoute vwa w nan konstriksyon sa, ann fè limyè a grandi.
Plis Podcasts →